Depi lontan se te toujou nan goumen pou yon moun ki okipe yon fonksyon nan administrasyon piblik la kite pòs li malgre anpil fwa konn pa genyen rezilta kap bay e moun sa yo tou konn melanje jouk nan kou nan tout zak gaspiyay ak kòripsyon. Men nan mwa ki te pase yo, gen 2 sitwayen ayisyen ki te prefere mete devan diyite, pwofesyonalis ak sans responsabilite yo devan avantaj pòs te kapab ofri yo. Apre plizyè mwa ak ane sèvis, yo te chwazi demisyone fas ak divès aksyon malonèt epi kòripsyon k ap fèt nan administrasyon piblik la epi pran distans yo tou ak fason gouvènman Ariel Henry an t ap dirije peyi a. Non sitwayen sa yo se Ostinvil Théophil ki te direktè rejyonal pou DINEPA nan depatman Sant ak Latibonit epi madanm Wideline Pierre ki te direktris depatmantal nòdès nan ministè anviwonman.
Redaksyon jounal la te gen chans li yon lèt demisyon ki date 13 jen 2023 kote mesye Ostinvil te anonse ak direktè jeneral DINEPA a Guito Edouard, desizyon li pou l demisyone kòm Direktè reyonal OREPA SANT ki gen syèj sosyal li nan vil Hinche apre 11 lane li fin pase ap sèvi enstitisyon an. Nan lèt sa a ki te pibliye sou paj ofisyèl fesbouk ansyen direktè a, mesye Ostinvil te bay yon ralonj nan tan li apre demisyon an pou kontinyite administrativ ak pasasyon dosye yo ak moun kap ranplase li a e l te mande pou yo transfere ba li yon resi sou lajan ki rete sou tout kont yo e li te egzije yon sètifika travay ak yon atestasyon pòl anplwa. Yon demach ki te salye pa anpil moun k ap obsève fonksyonnman bwat leta yo paske se toujou dèyè do respè prensip yo moun konn ap kite fonksyon yo san rann kont de sa yo t ap jere yo e yo toujou ap itilize koulwa politik pou evite yo al reponn pou zak kòripsyon ak detounman ke yo konn fè yo.
Si Mesye Ostinvil nan lèt demisyon an te pale de konvenans pèsonèl, selon divès enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon nou, e dapre sa jounal la li sou paj ofisyel Enjenyè sivil la, li te toujou an dezakò avek anpil bagay ki t ap fèt epi ki pat nan enterè popilasyon ke li menm li te la pou l sèvi a sitou jan kòripsyon an tap toufe administrasyon piblik la.
Nan yon piblikasyon li te fè sou paj fesbouk li a nan dat ki te 3 novanm 2023 pase a li te pale konsa: « Mwen se dezyem direktè rejyonal ki remet demisyon m paske m pap ranfose rejim sanginè, kriminèl sa pou okenn rezon. Malgre m t ap fè yon travay teknik ke tout popilasyon depatman Sant ak Latibonit lan te apresye, men lè wap goumen nan mitan move lawon sa ka vin pi mal. Li lè li tan pou nou refize gwo pòs ak lajan si li pa nan enterè peyi a» .
Anpil moun te kapab li tou yon lòt piblikasyon sou menm paj la nan dat ki te 22 mas pase a, kote mesye Ostinvil ki se yon espesyalis nan enjenyeri ak sèvis dlo potab, te di : » Tout tan yo bliye sektè dlo potab la nan bidjè repiblik la, tout tan pa gen yon politik klè sou apwovizyonnman dlo nan peyi a, tout tan nou rete nan mouvman amatè epi nan enpwovizasyon sou sektè a, tout tan pwofesyonèl kalifye yo oblije kite sektè a akoz sak pa sa yo pa tolere, sektè dlo potab la nan peyi a ap toujou rete yon sektè kote lajan bayè yo ap bay la ap sonnen byen fò men rezilta yo pap entèresan, kesyon dlo a ap toujou nan dlo ».
Eske sa ta rive fè konprann ke enstisyon ke pitit depatman Nodès la tap dirije a ta fè fas ak move gouvènans oubyen ta gen moun ki gen men yo tranpe nan move zafè ?
Pou madanm Wideline Pierre ki se te direktris depatmantal Nòdès ministè anviwonnman bò kote pa l, li te demisyone pou l te montre li pat kontan ak fason gouvènman Ariel Henry a te deside louvri fwontyè Ayiti pataje ak Sendomeng lan apre moun Wanament te fin fèmen l pou pwoteste kont depòtasyon fòse ayisyen yo ak anpil lòt pwoblèm ankò. Li te fè anons la pandan yon konferans pou laprès yon dimanch 27 novanm 2022.
Nan sans sa Wideline Pierre te ekri Minis Anviwònman an, James Cadet, li te dil : “Santiman patriyotik mwen pi enpòtan pase pozisyon ki te genyen nan gouvènman sa a. Konsyans patriyotik mwen pa pèmèt mwen fè pati gouvènman sa a ki priyorize ekonomi an anvan lavi moun. Mwen deside rantre nan kan oprime yo”.
Touswit apre demisyon li an, madanm Pierre te al kanpe bò kote popilasyon Nòdès la nan tout batay ke yo tap mennen sitou nan dosye konstriksyon kanal la ki te fè pale de li anpil. E jounen jodi a si Kanal Wanament la se yon senbòl fyète ak diyite pou tout Ayisyen k ap viv Ayiti kou aletranje, ebyen Madanm Wideline Pierre se yon senbòl rezistans tou pou moun nan depatman Nodès peyi a.
2 jenn sa yo pwouve nan dezisyon yo te pran pou te kite djòb yo a, byennèt popilasyon an pi enpòtan ke lajan ke yo menm ka ap touche ak tout lot privilej ke yo te ka jwenn nan leta a pandan yo te toujou ap kouri lwen kòripsyon. Yon seri dezisyon ki difisil pou anpil lòt ki malgre yo pap bay rezilta, melanje nan kòripsyon jouk nan kou refize malgre sa kite pòs yo pou lòt moun ki kapab vin travay pou ede peyi a rale yon souf. Mete sou sa, anpil minis ak direktè jeneral prefere ap fè traktasyon ak machandaj politik pou yo ka rete sou pouvwa a pandan peyi a ak tout enstitisyon li yo fin kraze plat atè.
John-Becker Jean
Editoryalis pou Gonaïbo Post & Tandans7