
Mèt Joseph Mécène Jean-Louis mouri madi 6 oktòb 2026 nan lopital La Providence nan Gonayiv, apre yon konplikasyon ki te gen rapò ak yon enfeksyon nan poumon. Dapre temwayaj pitit li, Rommel Jean-Louis, ansyen jij la te deja fè fas ak plizyè epizòd sante depi ane 2008 yo, pami yo senk estrok ki te mennen l nan sis ospitalizasyon.
Li te fèt 6 mas 1949 nan vil Desalin, li mouri 6 oktòb Gonayiv ak 77 lane . Me Joseph Mécène Jean-Louis te pase yon gwo pati nan lavi li nan ansèyman dwa ak nan lajistis. Li te antre nan Kou Kasasyon an an 2011, anvan li te vin dwayen enstitisyon an. Li te rete nan fonksyon sa a jiskaske li te pran retrèt li an 2021.

Pandan tout peryòd maladi li yo , fanmi an te rete bò kote l. Madanm li, pitit li, frè ak sè li te toujou prezan pou akonpaye l, menm ede l ale pran swen nan peyi etranje.
Men, pou pitit li yo, Mèt Mécène Jean-Louis pa t sèlman jij ak gwo pèsonalite sistèm jidisyè a. Li te anvan tout bagay yon papa.
« Papa m, Mèt Mécène Jean-Louis te yon papa egzanplè », rakonte Rommel Jean-Louis. Dapre li, papa l te bay anpil enpòtans ak edikasyon, devlopman entelektyèl ak afektif pitit li yo. Li te toujou chèche akonpaye yo nan pwogrè pèsonèl yo.
Yon karyè ki make lajistis ak edikasyon
Mécène Jean-Louis te pase plizyè dizèn ane nan sistèm jidisyè a, jiskaske li rive nan Kou Kasasyon an. Li te egalman pwofesè dwa, dwayen Fakilte Dwa Gonayiv la epi li te patwone memwa plis pase 70 etidyan pandan karyè li.
Dapre pitit li, li te youn nan jij ki te pi pwolifik nan listwa Kou Kasasyon an. Nan ane 2006, li te prezide premye komisyon ankèt sou kidnaping nan peyi a, nan kad dosye Nadine Titus.
Yon eritaj ki depase tribinal yo
Eritaj Mèt Mécène Jean-Louis pa rete sèlman nan sistèm jidisyè a. Li te patisipe nan mete plizyè lekòl sou pye nan Gonayiv, pami yo Eben Ezer, Saint Pierre Excellent, Collège Jacques Pierre-Louis, Collège Christ-Roi ak Collège Jean Jacques Dessalines.
Li te youn nan manm fondatè Racing des Gonaïves epi li te prezide Alyans fransèz Gonayiv la.
Li te tou sèvi kòm responsab relijye nan Legliz Jezi Kri pou Sen Dènye Jou yo, kote li te dirije pawas Gonayiv la pandan plis pase 14 ane, anvan li te sèvi nan yon nivo rejyonal.
« Li iranplasab »
Mèt Mécène Jean-Louis kite dèyè uit pitit ak uit pitit-pitit. Rommel Jean-Louis esplike absans li pral kreye yon gwo vid nan fanmi an, paske li te yon moun ki te okipe yon plas inik nan lavi yo.
Pou pitit li yo, youn nan pi gwo eritaj li se prensip li te anseye yo : jistis, konpasyon, respè ak diyite.
« Rete ak men w pwòp, renmen moun, fè sa lalwa mande w epi gade tout moun nan je san w pa bese ni rabese pèsonn », se youn nan prensip Rommel sonje papa l te toujou transmèt.
Nan dènye mesaj li bay moun ki te konnen papa l, Rommel envite yo kontinye viv ak egzanp li kite dèyè.
« Li kite anpil konsèy ak egzanp pou nou nan fason l te viv epi akonpli devwa l. Ann swiv yo. »




